Vendredi, 31 Octobre 2014 Login
  • VTEM Image Show
  • VTEM Image Show
  • VTEM Image Show
  • VTEM Image Show
  • VTEM Image Show
  • VTEM Image Show
  • VTEM Image Show
Show Slideshow

Podcast

Facebook Like Box

Joomla Templates and Joomla Extensions by JoomlaVision.Com
  • Dènye Nouvèl

  • Espò

  • Pi Popilè

Home Nouvèl Nasyonal Nòt pwotestasyon plizyè òganizasyon kont arestasyon ak anprizònman jean Matulnès Lamy.

Nòt pwotestasyon plizyè òganizasyon kont arestasyon ak anprizònman jean Matulnès Lamy.

PDF  Envoyer

1900053 10152188270684223 789816945 nNou menm òganizasyon ki siyen nòt sa, kondane ak tout fòs nou arestasyon ak anprizònman Jean Matulnès Lamy sou pretèks se li menm ki ap monte tèt moun ile-à- Vache kont pwojè kriminèl gouvènman Martelly/ Lamothe la.

N ap raple depi 27 desanm 2013, popilasyon sou zile ap reziste kont plan gouvènman koutayè a genyen pou pouse do plis pase 20.000 moun kap viv depi ti konmkonm tap goumen ak berejèn. Aprè anpil tantativ Pouvwa TET KALE makout, tchoul boujwazi entènasyonal la fè pou l kase ren mouvman an  tankou : pwopagann, manti , manipilasyon, represyon, gouvènman an rive arete sitwayen Jean Matulnès Lamy nan jou ki te vandredi 21 fevriye 2014 nan menm moman kote premye minis Koutye Laurent Lamothe ak minis touris demachè miltinasyonal yo, Stephanie B. Vildrouin te sou zile a epi voye penitansye jodi Madi a san li pa pase devan jij.

Nap raple, depi apre dènye manifestasyon ki fèt nan dat 7 fevriye 2014 la, 100 BIM debake sou zile epi maspinen Rosena MASENA, Charles LAGUERRE, Bertin SIMILIEN ak Maxo BELL ak kout baton, fè yo roule atè, fòse yo debare wout, aloske minis demachè a, Stephanie B. VILDROUIN te gen yon dizon ak moun zile pou kanpe tout travay pandan 3 mwa yon fason pou moun yo ka konprann pwojè a piske popilasyon se nan bouch moun yo te konn ap tande pale sou pwojè a. Sa se yon siyal klè ki moutre kouman gouvènman sanginè sa pa respekte diyite moun ak lavi epi ki pa respekte pawòl yo. Tout sa ki enterese yo se likide peyi a bay envestisè entènasyonal yon fason pou yo ka jwenn kèk santim pou yo mete nan pòch epi kite pèp la nan mizè.

Jodi lendi a ankò, nan kad kontestasyon moun zile kont arestasyon ak anprizònman Jean Maltunès, BIM kraze manifestasyon an ak gaz akrimojèn, kout baton ak arestasyon moun. Nou nan yon sitiyasyon kote gen moun ki ap mare pakèt pou kite zile a. Yon lòt fwa ankò, nou denonse zak maspinay sa yo. Se yon siyal klè ki moutre kouman diktati ap pran pye nan peyi a, kote moun pa gen dwa manifeste ni di sa yo panse.

Nou menm, òganizasyon ki siyen nòt sa, nou pote solidarite n ak batay moun Ilavach ap menen kont zòn franch touristik la epi nou denonse arestasyon ak anprizònman Jean Maltinès Lamy pou pozisyon l nan apiye mobilizasyon moun zile a. Nou denonse maspinay ak lòt arestasyon lapolis ap fè pou entimide popilsyon an. Nou kwè zak sa yo k ap fèt sou popilasyon ilavach la ak arestasyon Maltinès la rantre nan lojik tout pouvwa makout tyol entènasyonal ki pa respekte prensip dwa moun genyen pou bay dizon sou sa ki konsène lavi yo, ki se yon prensip fondalnatal demokrasi.

Gouvènman MARTELLY/LAMOTHE la montre aklè volonte li genyen pou l devlope sistèm peze souse an nan peyi a nan pase anba pye dwa fondamantal pèp la te rache nan batay kont diktati san manman rejim Divalye tankou : libète lapawòl, libète reyinyon ak asosyasyon, dwa pou bay dizon ak patisipe nan lavi kominote yo, dwa manifestasyon ki garanti nan manman lwa peyi a.

Nou ap di kou sa pap pase paske n pran ladan l twòp. Nou konprann estrateji sa se pou kase ren mouvman peyizan yo ap mennen pou anpeche yo vin devlope touris seksyèl, pou anpeche malere tounen jeran devan pòt touris, pou anpeche popilasyon zile a reklame dwa yo pou viv kote kòd lonbrik yo antere epi bloke machin lamizè pwojè sa ap pote.

Nou menm òganizasyon ki siyen nòt sa nap voye yon siyal klè pou n di nou konprann konprann jwèt koken sa epi se pa premye fwa gouvènman koutye entènasyonal sa yo ap fè represyon, imilye ak touye pitit pèp la ki pa vle vann konsyans yo nan defann entèrè boujwazi nasyonal tankou entènasyonal.

Nan menm tan an, nou ap mande popilasyon zile rete mobilize jouk yo rive jwenn revandikasyon sa yo:

1-    Liberasyon prese prese epi san kondisyon sitwayen Jean Matulnes Lamy ;

2-    Rantre san pèdi arete malatchyong kriminèl la ki ta vle pouse do pitit tè zile pou gran nèg ak gran nègès ki sot lòt bò dlo vin taye banda ;

3-    Kanpe sou represyon ak entimadasyon ki ap fèt sou moun zile depi 7 fevriye 2014 jouk jounen jodi a ;

                                Viktwa final se pou pep ki genyen konviksyon.

Òganizasyon ki siyen nòt la :

Jèb pwogresis Okay (JPO)

Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS)

Oganizasyon Louvri Je Koray (OLAJEK)

Mouvman pou desantralizasyon ak Devlopman Nò ak Nòdès (MODOD)

Mouvman Demokratik popilè (MODEP)

Gwoup Rechèch ak Apui pou devlope kolektivite teritoryal yo (GRAD)

Defensseurs des Opprimés (DOP)

Fondasyon koperan pou devlopman Ilavach (FONCODI)

Rasanbleman peyizan revolisyonè Ilavach (RPRI)

Asosyasyon jèn pou devlopman Ilavach (AJDI)

Kòdinasyon jèn pou devlopman Ilavach (COJI)

Komite pou relèvman Divivye (KRD)

GADES

GESTE

SÈK GRAMSCI

FRAKKA

CHANDÈL